Konsènan rekòmandasyon sou Facebook
Kopye lyen an
Nou fè rekòmandasyon pèsonalize bay moun ki itilize sèvis nou yo pou ede yo dekouvri nouvo kominote ak kontni. Ni Facebook ni Instagram kapab rekòmande kontni, kont, ak antite (tankou Paj, Gwoup, oswa Evènman) moun poko suiv. Kèk egzanp eksperyans rekomandasyon nou yo se Paj ou Kapab Renmen, piblikasyon ki "Sijere Pou Ou" nan Fil Aktyalite, Moun ou ka Konnen, oswa Gwoup ou ta Dwe Antre Ladan yo. Kèk antite kapab gen aksè limite oswa yo ka pa gen aksè ditou nan fonksyonalite I ankouraje angajman yo, epi yo kapab pa rekòmande antite sa yo bay anpil moun sou Facebook menm jan ak lòt antite yo.
Objektif nou se fè rekòmandasyon ki apwopriye epi ki gen valè pou chak moun ki wè yo. N ap travay pou n akompli objektif nou pandan n ap pèsonalize rekòmandasyon, ki vle di n ap fè rekòmandasyon ki inik pou chak moun. Pa egzanp, si ou menm oswa yon lòt moun genyen Zanmi Facebook an komen, nou kapab sijere moun sa antanke yon nouvo Zanmi potansyèl pou ou.
Estanda debaz Facebook pou rekòmandasyon
Nan Facebook, nou gen direktiv konsènan ki kontni nou pral rekòmande moun yo. Direktiv sa yo antre nan kad yon estrateji nou te itilize pou jere kont pwoblèm atik sou Facebook depi 2016, ki rele “elimine, redui ak enfòme.” Estrateji sa a gen pwojè elimine kontni ki vyole Estanda Kominotè nou yo, sa ki redui pataj kontni ki pwoblematik ki pa vyole estanda nou yo, epi enfòme moun gras ak done adisyonèl pou yo kapab chwazi sa yo vle klike, li oswa pataje. Diskisyon ki fèt sou travay "redui" nou sou Facebook la te souvan antre sou Fil Aktyalite an ak fason nou evalye piblikasyon ki fèt ladan l yo. Sepandan, Direktiv Rekòmandasyon nou yo se yon lòt zouti enpòtan nou itilize pou redui kontni ki bay pwoblèm ki gaye sou platfòm nou an.
Atravè Direktiv Rekòmandasyon nou yo, nou travay nan lide pou nou evite fè rekòmandasyon ki kapab gen bon kalite, ki kapab konte oswa ki sansib patikilyèman, epi nou evite tou pou n fè rekòmandasyon ki kapab pa apwopriye pou moun ki sou Facebook ki pi jèn yo. Direktiv Rekòmandasyon nou yo la pou kenbe yon estanda ki pi wo pase Estanda Kominote nou yo, paske kontni ak koneksyon nou rekòmande yo soti nan kont oswa antite ou pa chwazi suiv yo. Kidonk, se pa tout kontni nou aksepte sou platfòm nou an ki pral elijib pou rekòmandasyon.
Nan kreyasyon direktiv sa yo, nou te chèche konnen ideyoloji plis pase 50 gran ekspè ki espesize nan sistèm rekòmandasyon, ekspresyon, sekirite, ak dwa dijital. Konsiltasyon sa yo fè pati gwo jefó n ap fè pou nou amelyore direktiv sa yo epi ofri moun yo yon eksperyans pozitif lè yo resevwa rekòmandasyon sou platfòm nou an.
Nou vle ba w plis enfòmasyon sou kalite kontni, kont, ak antite nou eseye evite rekòmande, pou nou kenbe kominote nou an pi enfòme, epi tou pou nou oryante kreyatè kontni yo sou rekòmandasyon yo.
Rekòmandasyon Kontni
Gen senk kategori kontni nou otorize sou platfòm nou yo, men ki kapab pa elijib pou rekòmandasyon. Kategori sa yo disponib pi ba a, ansanm ak kèk egzanp sou kontni nan chak kategori.
Kontni ki anpeche nou rann yon kominote pi an sekirite, tankou:
- Kontni ki pale konsènan oto-agresyon, suisid, oswa twoub alimantasyon, ansanm ak kontni ki montre oswa ki minimize tèm ki an rapò ak lanmò oswa depresyon. (Nou retire kontni ki ankouraje suisid oswa oto-agresyon, oswa nenpòt imaj chokan.)
- Kontni ki kapab montre vyolans, tankou moun k ap goumen. (Nou retire kontni ki vyolan nan yon nivo ki chokan.)
- Kontni ki kapa eksplisit oswa sijestif nan yon kad seksyèl, tankou foto moun ak rad ki transparan. (Nou retire kontni ki genyen ladan yo nidite granmoun oswa aktivite seksyèl.)
- Kontni ki ankouraje itilizasyon sèten pwodui ki règlemante, tankou pwodui ki fèt ak tabak oswa pwodui pou fimen, pwodui ak sèvis pònografik, oswa medikaman. (Nou retire kontni ki fè tantativ pou vann oswa fè echanj majorite pwodui ki règlemante.)
- Kontni nenpòt kont oswa antite ki pa rekòmande ap pataje (pa egzanp, Gwoup oswa Paj, jan sa dekri pi ba a).
Kontni Sansib oswa ki pa Bon Kalite ki an rapò ak Sante oswa Finans, tankou:
- Kontni ki fè pwomosyon oswa ki montre pwosedi kosmetik.
- Kontni ki gen deklarasyon egzajere sou sante, tankou "remèd mirak".
- Kontni k ap eseye vann pwodwi oswa sèvis ki baze sou deklarasyon ki an rapò ak sante, tankou pwomosyon pou yon sipleman k ap ede yon moun pèdi pwa.
- Kontni ki ankouraje modèl biznis ki twonpe moun oswa ki kapab twonpe moun, tankou biznis prè lajan pou konsomasyon oswa envestisman lajan "san risk".
Kontni Itilizatè Fè Nou Konnen yo pa Renmen an Jeneral, tankou:
- Kontni ki fè pwomosyon pou yon konkou oswa yon kado.
- Kontni ki gen ladan yo lyen ki ap dirije itilizatè a sou paj akèy oswa domèn ki pa bon kalite oswa ki ka twonpe l, tankou paj akèy ki plen ak piblisite epi ki mande moun klike sou yo oswa piblisite ki gen viris.
Kontni ki asosye avèk piblikasyon kontni ki pa gen bon kalite, tankou:
- Kontni ki pa orijinal epi yon lòt sous chanje objektif li san ajoute yon valè materyèl ladan l.
- Kontni sou sit entènèt ki resevwa yon kantite klik ki pa pwopòsyonèl sou Facebook konpare ak lòt kote sou entènèt la.
- Kontni ki an rapò ak nouvèl ki pa pataje enfòmasyon transparan sou otè a oswa ekip editoryal antite edisyon an.
- Soutit (lejann) ki long epi ki pa gen okenn rapò ak kontni fondamantal la ansanm ak rezo kòmantè ki kowòdone epi ki gen entansyon ankouraje angajman ak distribisyon nan yon fason ki atifisyèl.
Kontni ki Fo oswa ki Twonpe Moun, tankou:
- Kontni ki gen ladan l deklarasyon verifikatè enfòmasyon endepandan yo te di ki fo. (Nou elimine fo enfòmasyon ki kapab lakòz moun sibi domaj fizik oswa ki anpeche moun vote .)
- Fo enfòmasyon sou Vaksen gwo òganizasyon sante global yo te dekouvri ki fo.
- Kontni ki ankouraje itilizasyon dokiman fwod, tankou yon moun ki pataje yon piblikasyon sou itilizasyon yon fo kat idantite. (Nou elimine kontni ki fè tantativ vann dokiman fwod, tankou preskripsyon medikal).
Jan sa ekri pi wo a, nou pran plis mezi nan lide pou evite rekòmande sèten kalite kontni sansib pou itilizatè ki minè sou Facebook yo. Pa egzanp, nou fè tout sa nou kapab pou nou konstui sistèm nou yo yon fason pou nou pa rekòmande kontni ki ankouraje lavant oswa konsomasyon alkòl pou itilizatè ki minè yo.
Rekòmandasyon Kont ak Antite yo
Anjeneral, nou pa rekòmande kont (sa gen ladan l tou Pwofil ak administratè Paj) oswa antite (tankou Paj, Gwoup, oswa Evènman) ki:
- Te vyole Estanda Kominotè nou yo tou dènyeman. Sa pa pran an konsiderasyon kont oswa antite nou retire sou platfòm nou yo paske yo vyole Estanda Kominote nou yo.
- Plede pataje ak/oswa tou dènyeman te pataje kontni (tankou non oswa foto kouvèti ki asosye ak kèk gwoup oswa Paj) nou eseye pa rekòmande nan kategori nou dekri nan seksyon Rekòmandasyon Kontni ki pi wo a.
- Plede pibliye Fo enfòmasyon sou Vaksen gwo òganizasyon sante global yo te dekouvri ki fo.
- Plede angaje nan move pratik pou chèche jwenn moun ki pou suiv yo, tankou achte entèraksyon "Renmen" (Likes).
- Plede pibliye fo enfòmasyon, tou dènyeman, jan verifikatè enfòmasyon endepandan oswa sèten òganizasyon ekspè detèmine sa.
- Asosye avèk mouvman oswa òganizasyon ki pa konekte epi ki lye ak vyolans.
Nou kapab fè moun konnen lè yo pral kominike avèk yon antite ki satisfè nenpòt nan kritè ki pi wo yo pou ede yo pran desizyon ki baze sou enfòmasyon.
Yon seri direktiv sanblab ki aplike pou rekòmandasyon sou Instagram yo. Direktiv sa yo disponib nan Sant Èd Instagram nan.
Other ways to get help
Chat with Meta AI support assistant
Resolve issues, make changes and get support in real time
